twitterFacebooklinkedin

Aprè Akò a: Egzekisyon mezi Koreksyon an favè Peyizan ki te Deplase nan Nò peyi Dayiti

Date: September 2024
Author(s): Scott Freeman, Lani Inverarity, Megan Pearson
Publication type: ARC Accountability Note
Published by: Accountability Research Center

Download in English

Descargar en español

An Janvye 2011, yo te fòse plis pase 400 fanmi nan nòdès Ayiti kite tè agrikòl yo pou fè preparasyon pou akeyi Caracol Industrial Park (CIP, Pak Endistriyèl Karakòl) la, ki se yon gwo enfrastrikti endistriyèl nan domèn tekstil ki jwenn finasman Inter-American Development Bank (IDB, InterBank Entèameriken pou Devlopman) ak gouvènman peyi Etazini.

Atik sa retrase pakou remakab fanmi ayisyen yo pou rive jwenn konpansasyon pou deplasman yo te sibi. Malgre tout obstak, yo te òganize yo, epi chèche sipò entènasyonal sou dosye yo a, epi, yo te itilize mekanis rediksyon kont endepandan ki genyen nan IDB, pou rive finalman negosye yon akò avèk IDB epi gouvènman Ayisyen an pou restore mwayen sibzistans yo. Men batay yo a pa te fini la.

Pifò nan batay pou jwenn reparasyon yo fèt aprè siyati akò a —yon reyalite moun ki ap fè pledwaye pou redisyon kont pa souvan konnen. Li te vin nesesè pou jwenn sipò defansè dwa moun sou plan lokal ak entènasyonal pou te rive jwenn menm yon egzekisyon pasyèl akò a. Depi nan kòmansman, chans pou fanmi ayisyen yo te reyisi nan pwosesis sa te piti anpil: pa genyen anpil Independent Accountability Mechanism (IAM, Mekanis Redisyon Kont Endepandan)ki genyen kapasite oswa manda pou fasilite okenn reparasyon. Mete sou sa, dosye Karakòl la reprezante yon egzanp ki ra anpil kote yon kominote ki deplase rive itilize avèk sikè yon Mekanis (IAM) konsa pou lanse negosyasyon pou jwenn tè ranplasman. Jiska prezan, genyen plizyè fanmi, sa fè plizyè lane ki toujou poko jwenn reparasyon sa akoz reta ki genyen, sa ki ogmante soufrans yo epi agrave pèt ekonomik ak sosyal yo te sibi akoz tè yo te pèdi a. Li te nesesè pou genyen swivi ak pledwaye ki fèt sis lane aprè siyaiti akò a. Akoz travay sa yo, li posib pou anpil nan fanmi yo resevwa kèk konpansasyon—tankou tè (pou kèk nan yo).

Menm si jwenn yon akò pou rezoud yon domaj ki te koze se souvan objektif pwosesis ki genyen nan mekanis pou redisyon kont yo, Atik sa vle montre lit ki te mennen aprè siyati akò a. Pou garanti yo founi reparasyon sa yo, sa mande pou genyen vijilans ak pledwa kontini. Atik sa founi kèk leson kle ki kapab sèvi kominote ak defansè yo ki espere jwenn reparasyon atravè pwosesis rezolisyon konfli ki anndan IAM sa yo:

  • Leson 1: Siyen yon akò pou jwenn reparasyon pa vle di pwosesis la fini, men se kòmansman yon lòt batay.
  • Leson 2: Kontinye fè swivi ak pledwaye esansyèl pou rive nan egzekisyon akò sou reparasyon yo.
  • Leson 3: Akò sou reparasyon yo dwe konsidere posibilite ki genyen pou rankontre defi pandan egzekisyon an.

Menm si anviwònman politik ak ekonomik la difisil an Ayiti kote egzekisyon akò a ap fèt la, leson moun aprann nan dosye sa pa sèlman gen rapò avèk Ayiti. Akoz bank devlopman yo ap kontinye evolye nan kontèks ki frajil ak kriz, li posib pou genyen menm kalite obstak sa yo ki prezante lòt kote nan kad jefò pou pote reparasyon.

Scott Freeman se yon Asistan Pwofesè nan Depatman Sèvis Entènasyonal anndan American University. Li se yon antwopològ epi li ap reyalize rechèch etnografik sou tèren sou kesyon èd, anviwònman ak fason moun travay nan zòn riral nan peyi Dayiti. Travay li yo konsantre yo plis sou pwoblèm sosyal ak ekonomik pwosedi administratif nan
domenn èd kreye nan zòn kote egzekisyon yo ap fèt. Li genyen yon Doktora nan antwopoloji aplike li pran nan Columbia University.

Lani Inverarity se Direktè Pwogram ak Estrateji nan Accountability Counsel (AC). Avan pòs sa a, Lani te pase plis pase senk lane ap pote sipò li dirèkteman bay plizyè santèn peyizan an Ayiti ki te sibi deplasman akoz konstiksyon Pak Endistriyèl Karakòl la. Li te sipòte tou kominote nan peyi Kolonbi, Kenya, Mongoli ak Ikrèn. Lani genyen yon
metriz nan Dwa li pran nan Fakilte Dwa inivèsite Yale epi li jwenn admisyon li nan Bawo epi kòm Avoka nan Tribinal Premye Enstans nan peyi Nouvèl Zelann.

Megan Pearson se yon Asosye sou kesyon Politik nan Accountability Counsel (AC), ki se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki ap sipòte kominote patou nan mond nan pou defann dwa yo genyen kòm moun ak anviwònman an atravaè biwo ki la pou fè redisyon kont nan nivo enstitisyon finansye ki ap fè devlopman yo. Li konsantre li sou
ranfòse poltik enstitisyon finansye yo nan lide pou pote koreksyon fas ak enpak anviwònmantal ak sosyal negatif ki genyen rapò avèk envestisman yo fè. Avan li te antre nan AC, li te travay nan Enstiti pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti. Li genyen yon doktora nan dwa li pran nan Fakilte Dwa Inivèsite Yale epi li se manm Bawo ki nan District of Columbia.

twitterFacebooklinkedin